Kite Kè m Pale

· Light Messages Publishing
1 review
Ebook
106
Pages
Tools
Eligible

About this ebook

Jacques Pierre louvri kè l de batan nan Kite kè m pale pou l envite nou viv kouman entimite ak pwoblèm sosyal pran randevou nan menm kalfou. Powèt la fotografye difikilte ak kouran santiman ki travèse lavi medam yo. Epi, li wete chapo li byen ba pou li salye kouraj Martin Luther King Jr, Malcolm X, ak lòt lidè ki pa te pè batay pou yon minorite ki pran nan cho, e yo mete nan kacho souvan poutèt po yo. Pou fini, li envite nou viv de twa powèm nan langaj jagon ak bolit, epi yon katafal lòt ki fè yonn ak pafen lawouze nou jwenn nan bèl lang nou an.
Rekèy powèm sa a se yon envitasyon otè a fè nou tout pou nou dekouvri bèlte lang nou an. Nan chak grenn mo, otè a plonje kè nou nan lanmè Karayib la, kote vag yo fè nanm nou tonbe nan yon ale vini jouk kouran lanmou an rale nou pou nou fè yonn ak powèm yo. -Wedsly Turenne Guerrier
Lang nou ak kilti nou se rezilta kreyativite nou ki pran nanm nan lavi chak kretyen vivan. Se sa potorik otè Jacques Pierre fè nan rekèy sa a. Pierre marinen lang nou ak kilti nou ansanm pou ofri nou yon konsonmen kreyativite ki se temwayaj richès kiltirèl ak lengwistik Ayiti cheri nou an. -Marky Jean-Pierre
Jacques Pierre louvri kè l de batan nan Kite kè m pale pou l envite nou viv kouman entimite ak pwoblèm sosyal pran randevou nan menm kalfou. Powèt la fotografye difikilte ak kouran santiman ki travèse lavi medam yo. Epi, li wete chapo li byen ba pou li salye kouraj Martin Luther King Jr, Malcolm ...

Ratings and reviews

1 review

About the author

Jacques Pierre fèt nan vil Okap, e li grandi nan vil sa a tou. Depi 2010, Jacques ak fanmi li ap viv nan North Carolina kote li anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Duke University. Nan lane 2013, Jacques, nan tèt ansanm ak University of North Carolina (Chapel Hill), University of Virginia, ak Vanderbilt University, ofri kou sa a gras ak telekonferans pou etidyan nan lekòl nou sot site yo la. Anvan sa, Jacques te anseye nan Florida International University, ak Creole Institute nan Indiana University.
Pierre, nan travay li, toujou ap mande pou yo bay lang kreyòl la plas li nan sosyete a pou pèmèt tout moun jwenn enfòmasyon nan lang lan. Pierre ekri anpil atik nan diferan kalite jounal sou sa. Nan diferan atik sa yo, nou ka site French/Creole Divide (Miami Herald), Creole, a Key to the Haitian Literacy (The Herald Sun), epi Help for Haiti Must Include Embracing Creole (The News&Observer)
Pierre ekri diferan atik an franse ak kreyòl tou pou li mande dirijan lakay li yo pou ba kreyòl la plas li, e li denonse inegalite ak lenjistis k ap minen sosyete a tou. Pami atik li yo nou ka site: Kreyòl pale, Kreyòl ekri (Le Nouvelliste), Lafrans ak Ayiti: Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal (Poto Mitan), epi Haiti: une société aux inégalités monstrueuses (France-Antilles Guadeloupe).
Pou fini, Pierre, ansanm ak konkou etidyan li yo, kreye yon jwèt ki rele Memonèt (Riddles) kote jwèt sa kapab ede anpil moun k ap etidye kreyòl dekouvri diferan aspè nan lang lan ansanm ak kilti Ayiti tou. Nan mwa me 2016 la, jounal ofisyèl Depatman Edikasyon nan peyi Etazini te fè yon rale sou enpòtans jwèt sa kòm bon jan zouti pedagojik pou ede moun ki vle pwofonde lang kreyòl la plis toujou.

Jacques Pierre fèt nan vil Okap, e li grandi nan vil sa a tou. Depi 2010, Jacques ak fanmi li ap viv nan North Carolina kote li anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Duke University. Nan lane 2013, Jacques, nan tèt ansanm ak University of North Carolina (Chapel Hill), University of Virginia, ak Vand...

Rate this ebook

Tell us what you think.

Reading information

Smartphones and tablets
Install the Google Play Books app for Android and iPad/iPhone. It syncs automatically with your account and allows you to read online or offline wherever you are.
Laptops and computers
You can listen to audiobooks purchased on Google Play using your computer's web browser.
eReaders and other devices
To read on e-ink devices like Kobo eReaders, you'll need to download a file and transfer it to your device. Follow the detailed Help Center instructions to transfer the files to supported eReaders.