Kòman Nou Geri: Yon Vwayaj Vè Laverite, Gerizon Rasyal, ak Transfomasyon Kominote soti Anndan pou rive Deyò

· Disruption Books
Ebook
300
Pages
Eligible

About this ebook

Nan Kòman Nou Geri , La June Montgomery Tabron, Prezidant ak Direktè Jeneral W.K. Kellogg Foundation, prezante yon ka solid pou lespwa atravè gerizon rasyal.
Soti nan yon pòtre vivan sou anfans li nan Detroit nan ane 1960 yo rive nan wòl li kòm lidè youn nan pi gwo enstitisyon filantwopik mond lan, La June Montgomery Tabron pataje istwa ameriken li an—yon istwa konplè ki fè yon wonn—yon vwayaj kote li vin konprann, atravè pwòp eksperyans pa li, kijan rasis sistemik anpeche timoun ak kominote nou yo byen devlope. Li aprann tou wòl transfòmatif gerizon kapab jwe pou ede nou tout depase eritaj inegalite rasyal la.
Pandan li t ap monte nan pozisyon li kòm premye fanm ak premye Afriken Ameriken ki dirije W.K. Kellogg Foundation, La June eksperimante pouvwa gerizon ki genyen nan pataje istwa ak koute avèk anpati. Avèk sipò mantò ak kolaboratè li yo, li rafine mesaj ki pral gide misyon fondasyon an pandan plizyè ane: Gerizon ka kòmanse sèlman ak laverite.
Fondasyon an eksplore yon kad gerizon rasyal ki transfòme kominote ak moun toupatou nan mond lan—soti nan ti vil riral ak gwo vil atravè Etazini, ikonpri Detroit La June renmen anpil, pase pa Meksik, Ayiti, ak lòt kote. Sa ki anrasinen nan misyon fondatè li a, ki se sipòte timoun ak fanmi "san konsiderasyon pou sèks, ras, kwayans, oswa nasyonalite,".
Liv sa se yon temwayaj sou pouvwa transfòmasyon ak yon gid pratik sou fason nou chak, kèlkeswa kote nou ye oswa pozisyon nou genyen, kapab itilize gerizon rasyal pou ranpli mank anpati nan kominote nou yo.
Kòman Nou Geri kreye yon chemen nou tout ka swiv—soti nan konfyans rive nan anpati, soti nan konpreyansyon rive nan reparasyon—yon konvèsasyon ak yon koneksyon a la fwa.
In How We Heal , La June Montgomery Tabron, President and CEO of the W.K. Kellogg Foundation, makes a powerful case for hope through racial healing.

From a vivid portrait of her childhood in 1960s Detroit to her leadership of one of the world's largest philanthropic institutions, La June shares her full-circle, American story—a coming-of-age journey where she gains a firsthand understanding of how systemic racism prevents our children and communities from thriving and learns about the transformative role healing can play in helping all of us transcend the legacy of racial inequity.

As she rises to her position as the first female and first African American leader of the W.K. Kellogg Foundation, La June experiences the healing power of sharing and listening with empathy. And with the help of mentors and colleagues, she refines the message that will guide the foundation's mission for years to come: Healing can begin only with truth-telling.

Empowered by the mission set forth by its founder to support children and families "without regard to sex, race, creed, or nationality," the foundation explores a racial healing framework that transforms communities and individuals around the world—from small rural towns and big cities across the United States, including La June's own beloved Detroit, to Mexico, Haiti, and beyond.

This book serves as a testament to the power of transformation and a blueprint for how each of us, no matter who we are or how we lead, can use racial healing to bridge the empathy deficits in our communities.

How We Heal illuminates a path that all of us can follow—from trust to empathy, from understanding to repair—one conversation and one connection at a time.

Nan Kòman Nou Geri , La June Montgomery Tabron, Prezidant ak Direktè Jeneral W.K. Kellogg Foundation, prezante yon ka solid pou lespwa atravè gerizon rasyal. Soti nan yon pòtre vivan sou anfans li nan Detroit nan ane 1960 yo rive nan wòl li kòm lidè youn nan pi gwo enstitisyon filantwopik mond l...

Discover more

About the author

La June Montgomery Tabron se premye fanm ak premye Ameriken Nwa ki sèvi kòm Prezidan ak Direktè Jeneral Fondasyon W.K. Kellogg. Yon lidè panse entènasyonal, li te pale nan Festival Aspen Ideas, Inisyativ Clinton Global, ESSENCE Festval Kilti a, ak Inivèsite Oxford. An 2023, Inside Philanthropy te rele li youn nan 50 fanm ki pi pwisan nan Filantwopi Ameriken an, ak New York Times te rele li yon Groundbreaker nan DealBook Summit anyèl li yo. Li ap viv an Battle Creek, Michigan.
La June Montgomery Tabron is both the first woman and the first African American to serve as president and CEO of the W.K. Kellogg Foundation, one of the largest philanthropic foundations in the world. In 2023, Inside Philanthropy named Montgomery Tabron one of the 50 Most Powerful Women in US Philanthropy, and the New York Times named her a Groundbreaker at its annual DealBook Summit. She has spoken at the Aspen Ideas Festival, the Clinton Global Initiative, the ESSENCE Festival of Culture, and the University of Oxford. She lives in Battle Creek, Michigan.
La June Montgomery Tabron se premye fanm ak premye Ameriken Nwa ki sèvi kòm Prezidan ak Direktè Jeneral Fondasyon W.K. Kellogg. Yon lidè panse entènasyonal, li te pale nan Festival Aspen Ideas, Inisyativ Clinton Global, ESSENCE Festval Kilti a, ak Inivèsite Oxford. An 2023, Inside Philanthropy te...

Rate this ebook

Tell us what you think.

Reading information

Smartphones and tablets
Install the Google Play Books app for Android and iPad/iPhone. It syncs automatically with your account and allows you to read online or offline wherever you are.
Laptops and computers
You can listen to audiobooks purchased on Google Play using your computer's web browser.
eReaders and other devices
To read on e-ink devices like Kobo eReaders, you'll need to download a file and transfer it to your device. Follow the detailed Help Center instructions to transfer the files to supported eReaders.