Jacques Pierre fèt nan vil Okap, e li grandi nan vil sa a tou. Depi 2010, Jacques ak fanmi li ap viv nan North Carolina kote li anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Duke University. Nan lane 2013, Jacques, nan tèt ansanm ak University of North Carolina (Chapel Hill), University of Virginia, ak Vanderbilt University, ofri kou sa a gras ak telekonferans pou etidyan nan lekòl nou sot site yo la. Anvan sa, Jacques te anseye nan Florida International University, ak Creole Institute nan Indiana University.
Pierre, nan travay li, toujou ap mande pou yo bay lang kreyòl la plas li nan sosyete a pou pèmèt tout moun jwenn enfòmasyon nan lang lan. Pierre ekri anpil atik nan diferan kalite jounal sou sa. Nan diferan atik sa yo, nou ka site French/Creole Divide (Miami Herald), Creole, a Key to the Haitian Literacy (The Herald Sun), epi Help for Haiti Must Include Embracing Creole (The News&Observer)
Pierre ekri diferan atik an franse ak kreyòl tou pou li mande dirijan lakay li yo pou ba kreyòl la plas li, e li denonse inegalite ak lenjistis k ap minen sosyete a tou. Pami atik li yo nou ka site: Kreyòl pale, Kreyòl ekri (Le Nouvelliste), Lafrans ak Ayiti: Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal (Poto Mitan), epi Haiti: une société aux inégalités monstrueuses (France-Antilles Guadeloupe).
Pou fini, Pierre, ansanm ak konkou etidyan li yo, kreye yon jwèt ki rele Memonèt (Riddles) kote jwèt sa kapab ede anpil moun k ap etidye kreyòl dekouvri diferan aspè nan lang lan ansanm ak kilti Ayiti tou. Nan mwa me 2016 la, jounal ofisyèl Depatman Edikasyon nan peyi Etazini te fè yon rale sou enpòtans jwèt sa kòm bon jan zouti pedagojik pou ede moun ki vle pwofonde lang kreyòl la plis toujou.